jeudi 26 janvier 2017





S.E SEULJ ENFUGES
OMAJ AK TOUT VIKTIM YO
 LE SLAMEUR AU MICRO🎙🎙

yon tan ki pase
Yon tan ki ale
Yon tan ki mare
Yon tan kite fe rele
Yon tan kite red
Yon tan yo tap vann ed
Yon tan kote bout blok fe kinkin
Yon tan kote san ak siman patka plin
Yon tan kote pat gen byenere
Ni malere
Yon tan kote vi soyet ap tresayi
Ak jel tou patou poul we sil pawe ti gason oubyen tifi
Yon tan ki ekri nan listwann
Yon tan ki grave nan memwann
Yon tan nou pat atann
Yon tan ki prann san zatann
Yon tan ki fenn soufri
Yon tan kifenn rann souf li
Yon tan kifenn panse sou li
Yon tan chak lel pase nou paka souri
Yon tan kote ayiti sibi
Nan 5segonn tout moun tap kouri
Yon tan kotenn te bliye tet nou
Se kriye ak rel kite fet nou.

Pafwa yon moun KO che pou wou ka ale
M'en selman nan jou wa ou ka dil bon vwayaj tande
Dlo nan je pap finn sèche
Pou saki rive ak peyinn



Omaj ak ou menm kite frape
Ak ou menm ki andikape
Ak ou menm ki pedi yon grinn
Ak ou menm kew chire
M'en ou gen lavi
Jouk jounin jodi
An nou koubenn byen bâ
 douvan Granmet la
Konin se lik sel wa
Paske se lik few la
Nan memwa tout pep la
Gwo omaj sa ak gran yo
Ni ak piti yo
Nan pansenn yo va la
Ann pa kriye ak sa ki pase a
Menm ann viv yon vi
Kap vini nan fiti.

Réf: An nou rele Ayiti
Omaj ak tout sa ki ale
An nou kriye Ayiti
Avek tout san ki koule .

Mesi Ayiti.
#S.E

Pataje teks sa ak yon zanmiw, yon fanmiw, pou ka dil kouraj.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

VEUILLEZ INSCRIRE SUR LE BLOG ICI