mardi 13 mars 2018

SE WOUK MET REV OU (Auteur : Jules Feguens)

SE WOUK MET REV OU 

anpil fwa nan vi sa yon Jenn Ka dekouraje ak lavi men siw dekouraje vit konsa se ke ou pat gen rev. Mwen lite anpil poum Ka soti tet Mwen tankou yon model Pou jenes la, eskem Ka dim satisfe.

Mwen leve ak grann mwen e ak gran papam, yo pat konn li, depi lem gen konesans papam pa okipem, se manmann ki levem , malgre wont li pran Pou Mwen men li fe tout sal kapab. Mwen fe prime Mwen nan pwovins, sa pat anpeche poum te kontinye vanse, Mwen the konn fe tout jadin, paske Mwen te gen yon Tontonm ki te montrem, gran papam avanl mouri, li te montrem fe kod bef. Tout sa yo sete aprantisaj. Men konin ke nan via gen de bo. Chak vakans Mwen te konn vinn pasel ak manmanm se te toujou yon fet Pou Mwen poum vinn pase kek jou ak manmanm. Sa te sevim yon lesson poum tap Swiv kijan lap travay di poul edem paske lipat gen moun kitap edel anko.

 Nan 4 em ane Mwen te vinn jwenn manmanm, e mw t kontinye lekol Mwen. Depi nan 7 setyem Mwen te komanse ap eseye ekri kek Ti Teks, men lidem se pat poum fe liv ,men m just ekri Pou ekri. Map travay lekol e map ekri, rev ou se pa moun kap jerel Pou wou men se wou. Nan klass reto, Mwen pandan m tap ekri yon Teks nan sal epi pwofese literatim nan te wem ap ekri lap kesyonem, vwala ke m ap esplikel , epi li vinn ankourajem, li vinn edem e li dim poum ta sotil,Mwen pat konn modalite yo, e premye moun Mwen pral jwen kap sipotem se manmanm, e Mwen te sou stress paske map di tet Mwen eske map reyisi ak li, vwala Mwen komanse ap konstwi rev Mwen, Mwen komanse ap grandi konesans Mwen . nan College Jean XXIII Mwen te fe premye vant siyatim, e sa te epatem paske Mwen te jwen anpil konsey nan men pwofese ak Direktem. Nan vi sa li mande fok ou oze.

 Anpil fwa se chabon Mwen te konn pote,Se sak yanm ak patat m t konn fe, se bet m tekonn Al chanje, men sa yo pa dezone, selman se bay tet ou yon vizyon, plasel nan limit ou vle rive a. Vizyonm sete pote ak jenes sa yon nouvo fos, e apre vant siyati liv LE CRI D'AMOUR lan, Mwen jwen anviwon 500 Jenn, kap mandem konsey e kap dim ki kotem jwenn inspirasyon wan paske liv la travese yo. Sa te motivem plus plum vanse ak rev Mwen. Se Mwen ki met rev Mwen se pa moun. Konin ke Lew oze WAP jwenn sipo.
E manmanm te kriye jou paske lite fye de Mwen.

Si'w kite moun determine rev ou Pou wou WAP echwe, paske ou se sous rev ou.
Ou menm Jenn fi ak jenn gason Ann padi rev ou paka reyalize ou Ka pako jwenn atou Pou li men fow OZE. Anpil fwa Lew pa oze pagen moun kap konin nan kisal te Ka edew. Montre epi WAP Ka lanse. Padi saw gn an two piti Pou ta di moun li, men konsey se yon gwozam.

Travay tet ou,travay pansew epi WAP Ka travay siksew.

Auteur : Jules Feguens
feguens17@rocketmail.com
www.s-e-seuljenfuges.blogspot.com


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

VEUILLEZ INSCRIRE SUR LE BLOG ICI